Yon mwa edmi, se dire manda Liz Truss. Li remèt demisyon li akoz akizasyon l ap sibi

Yon mwa edmi, se dire manda Liz Truss. Li remèt demisyon li akoz akizasyon l ap sibi : yo di li pwovoke yon kriz finansye. Twazyèm fanm ki rive chèf gouvènman nan peyi Angleterre a remèt demisyon li pandan li t ap fè yon ti pale nan Downing Street la jodi jedi 20 oktòb 2022 a. Li se lidè pati konsèvatè a nan peyi li.

« Jan sitiyasyon an ye la, mwen p ap ka ranpli manda yo te vote m pou li a nan pati konsèvatè a », se sa li di nan priz pawòl pou li prezante demisyon li a. Semèn k ap vini la, pral gen yon eleksyon entèn nan mitan majorite a pou ranplase li nan pòs la, selon ansyen premye minis la, nan menm diskou a.

Se apre yon jounen katastwofik pou gouvènman li a li deside demisyone. Yè mèkredi, minis zafè enteryè li a te demisyone, epi te gen yon sware piman bouk nan palman an. Anpil palmantè t ap mande pou li remèt demisyon li. Poutan, pandan sware sa, pòt pawòl premye minis la te di li p ap fè bak devan sitiyasyon an.

Yon depite nan majorite a, Matt Chorley, te menm deklare : « li lè pou li aksepte (li pa kapab) e pou li anonse l ap demisyone ».

Liz Truss te ranplase Boris Johnson nan plas premye minis la apre yon eskandal te pete. Depi 6 septanm 2022 a, dat li te pran tèt peyi a kòm premye minis, Liz rankontre anpil pwoblèm, yo kritike li akoz pwomès kanpay li yo pa sanble ap reyalize. Li te menm oblije chanje minis finans li a apre panik « mini-bidjè » li te fin prezante nan fen mwa septanm nan te lakoz sou mache finansye a. Listwa kenbe non Liz Truss kòm twazyèm fanm premye minis an Angletè e kòm premye minis ki pase mwens tan ap dirije.

Nòt redaksyon an : Kilti demisyon, se yon bagay ki mande nanm, ki mande mounite, se yon siy respè non sèlman pou tèt ou, men tou pou moun w ap dirije yo. Yon fwa ou santi reyèlman ou pa kapab, ou dwe itilize yon zam ki rele « kouraj », epi fè sa ki pi bon pou tout moun nan, pandan w ap fè mizanplas pou tout vid konble lè w pa la.

Leave a reply

Dènye Kòmantè

No comments to show.
Swiv nou
  • Facebook38.5K
  • X Network32.1K
  • Behance56.2K
  • Instagram18.9K

Rete Konekte ak tout dènye nouvèl cho nou yo!

I consent to receive newsletter via email. For further information, please review our Privacy Policy

PIBLISITE

Sidebar Search
DÈNYE SOTI YO
Loading

Signing-in 3 seconds...

Signing-up 3 seconds...