Sterline Civil pran tèt FNE : Yon nouvo chapit ouvè pou edikasyon ann Ayiti

Nan yon seremoni ki te chaje ak emosyon ak angajman, Sterline Civil te ofisyèlman enstale kòm nouvo Direktè Jeneral Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE), madi 18 fevriye 2024. Seremoni an te dewoule nan lokal FNE a nan Puits-Blain, anba prezidans Minis Agrikilti a, Vernet Joseph, ak prezans plizyè lòt manm gouvènman an ak pèsonalite enpòtan nan sektè edikasyon an.

Sterline Civil, ki se yon edikatris ak diplomat de fòmasyon, pran plas Jean Ronald Joseph ki te okipe tèt enstitisyon an pandan twa ane. Nan premye deklarasyon li sou rezo sosyal X, li eksprime rekonesans li e li pran angajman pou sèvi ak « detèminasyon, entegrite ak devouman ». Li remèsye Konsèy Prezidansyèl la, Premye Minis la, Ministè Edikasyon Nasyonal la, epi tout moun ki mete konfyans yo nan kapasite li pou mennen misyon sa a ale pi lwen.

Pou pati pa li, direktè sortan an, Jean Ronald Joseph, te salye travay ki fèt pandan manda li epi felisite nouvo lidè a. Li mete aksan sou defi yo, men li pa rate okazyon pou mete aksan sou potansyèl ak espwa jenerasyon kap vini yo.

Prezans minis Planifikasyon an, Kethleen Florestal, Minis Agrikilti a, Vernet Joseph, ak Minis Ayisyen ki viv aletranje yo, Kathia Verdier, mete aksan sou enpòtans estratejik FNE nan avni sistèm edikatif peyi a. Enstalasyon nouvo direktris sa a make koumansman yon nouvo etap kote FNE sipoze jwe yon wòl kle nan amelyore aksè ak kalite edikasyon pou tout timoun ayisyen.

Leave a reply

Dènye Kòmantè

No comments to show.
Swiv nou
  • Facebook38.5K
  • X Network32.1K
  • Behance56.2K
  • Instagram18.9K

Rete Konekte ak tout dènye nouvèl cho nou yo!

I consent to receive newsletter via email. For further information, please review our Privacy Policy

PIBLISITE

Sidebar Search
DÈNYE SOTI YO
Loading

Signing-in 3 seconds...

Signing-up 3 seconds...