Pòtoprens, 13 mas 2025 — Sitiyasyon Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) a parèt plis pase enkyetan, daprè deklarasyon nouvo direktris jeneral la, Madam Sterline Civil. Nan yon konferans pou laprès li te bay jedi 13 mas 2025, Madam Civil revele enstitisyon an ap fonksyone nan yon dezòd total, tou sou plan finansye ak òganizasyonèl.
Depi li pran direksyon FNE a, Sterline Civil mande tout direktè ak responsab inite teknik yo soumèt rapò sou aktivite yo. Rapò sa yo mete an evidans plizyè defisyans grav: dokiman regilasyon ki pa konplè, direksyon ki pa fonksyone byen, ak depans ki pa ann akò ak misyon enstitisyon an.
Nan sans sa a, li fè konnen li deja mande Kò Siperyè Kont ak lòt enstitisyon leta ki responsab kontwòl pou mennen yon odit sou tout fonksyònman FNE a.
Plizyè domèn an dezòd
Nan dènye twa ane yo, gen gwo pwoblèm nan jesyon finans enstitisyon an. Selon Direktris la, gen inkoerans ant done kontab yo ak analiz kontab ki fèt, sa ki rann li difisil pou mete yon vizyon klè sou eta reyèl finans FNE a. Daprè bilan li prezante a, FNE ap pote sou do li yon dèt ki monte a 2 milya 353 milyon 917 mil 86 goud, anpil plis pase sa enstitisyon an genyen kòm resous.
Pou ane fiskal 2023-2024 la, enstitisyon an deja peye 172 milyon 926 mil 420 goud bay pèsonèl kontra nan Latibonit ak Grandans. Gen lòt depatman ki poko touche, e peman sa yo estime a plis pase 588 milyon goud.
FNE ap fè fas tou ak yon dèt siplemantè ki gen rapò ak angajman li pran devan lekòl ki patisipe nan pwogram PRONEC la pou ane 2024-2025 la. Kantite lajan sa a monte a 761 milyon 550 mil 723 goud, daprè Madam Civil.
Subvansyon san kontwòl klè
Sou kesyon subvansyon, FNE te distribye plis pase 601 milyon goud bay endividi pou ane aktyèl la. Men, pou ane pase yo, sa te monte a 710 milyon goud, yon kantite ki pa chanje depi 2022. Sepandan, pa gen anpil detay sou kijan lajan sa yo jere oswa kontwole.
Sterline Civil fè konnen FNE pa metrize dèt li yo, epi done finansye ki disponib yo pa bay yon imaj fidèl sou sa ki ap pase anndan enstitisyon an.
Vizyon pou mete lòd
Malgre tout difikilte sa yo, nouvo ekip la deja mete kèk mezi sou pye pou korije sitiyasyon an. Direktris la di li pral mete an plas yon plan pou ranfòse òganizasyon an, prepare yon dokiman kad ak estrateji pou aplikasyon pwojè yo, epi mete yon sistèm swivi ak evalyasyon.
Li anonse tou nesesite pou fè yon odit teknik sou pwogram PROSGATE a, ki se nouvo non ansyen PSUGO a. Daprè li, plis pase 100 direktè, pwofesè ak gadyen ki ap touche nan kad pwogram sa a pa afekte nan okenn lekòl.
Finalman, Madam Civil angaje li pou mete manyèl pwosedi pou chak direksyon ak pwojè, revize tout akò ak patnè FNE yo, epi asire gen yon odit chak ane, jan lalwa 17 out 2027 la egzije sa.