Kandida pati ki sou pouvwa a, Bola Tinubu, genyen eleksyon prezidansyèl 25 fevriye 2023 yo selon rezilta konsèy elektoral la pibliye mèkredi maten premye mas 2023 a. Poutan, de prensipal kandidati opozisyon an yo mande pou yon nouvo vòt fèt rapid vit paske yo pa kwè nan vòt sa yo.
Atiku Abubakar et Peter Obi, de prensipal kandida opozisyon an yo, pa dakò ak rezilta eleksyon yo. Youn nan yo, Atiku Abubakar, te deja sòti dezyèm nan eleksyon 2019 yo, li te fè apèl devan lajistis pou konteste rezilta yo, finalman pwosè li a te rejete.
Se depi nan madi kandida opozisyon yo t ap pale de “refè vòt” la, paske jan rezilta yo vini an reta a, se fwod ki t ap fèt ladan yo, selon kandida yo. Pati ki sou a li menm, egzòte opozisyon an pou li aksepte rezilta eleksyon an san li pa bay pwoblèm.
Tinubu fè 37% vwa (anviwon 8,8 milyon vòt) pandan dezyèm nan, Abubakar, fè 29% (anviwon 7 milyon vòt). Twazyèm nan fè 25% (6,1 milyon vòt) selon rezilta komisyon elektoral nasyonal ak endepandan an bay an dirèk nan estasyon televizyon nan peyi Nigéria. Konsèy la tou pwofite deklare Tinubu, nonm 70 lane a, eli ankò nan pòs prezidan li a.