Minis Kathia VERDIER ap mennen MHAVE sou wout efikasite ak devouman pou dyaspora ayisyèn nan

Pòtoprens, 1e jiyè 2025 — Nan kad Madi Nasyon an, Minis Ayisyen Aletranje yo, Madam Kathia VERDIER, kontinye montre vizyon li klè pou mete Leta Ayisyen pi pre pitit li yo ki aletranje. Avèk anpil detèminasyon, Minis lan mete gaz pou bay sèvis piblik yo plis vitès, plis transparans, ak plis respè pou tout Ayisyen ki ap viv lòt bò dlo.

Paspò ap soti, dyaspora ap soufle

Youn nan pi gwo blokaj ki te konn mete fristrasyon nan kè dyaspora a se te dosye paspò yo. Jodi a, gras ak yon kowòdinasyon estratejik ant MHAVE, ONI, DCPJ, Achiv Nasyonal ak Direksyon Imigrasyon, 3 000 sou 5 000 paspò ki te an reta nan Repiblik Dominikèn deja delivre.

Sa montre yon chanjman fondamantal nan jan Leta ap trete dosye dyaspora a : ak konsiderasyon, vitès ak presizyon.

Yon vizyon ki mete diyite Ayisyen nan mitan aksyon leta

Minis Kathia VERDIER pa sèlman pale de sèvis administratif. Li mete aksan sou dwa ak diyite chak Ayisyen, espesyalman sila yo ki viktim depòtasyon, ensekirite oswa diskriminasyon lòt bò dlo. MHAVE ap mete anplas mwayen pou ede yo retounen lakay ak respè, epi benefisye akonpayman sosyal ak legal.

Lakay se lakay. Nou pap janm lage pèsonn,” se deklarasyon Minis lan ki ranfòse vizyon li pou yon gouvènans ki santi, tande ak aji pou tout pitit peyi a.

Kominikasyon ouvè, dyaspora konekte

MHAVE lanse plizyè zouti pou asire yon lyen kontinyèl ak dyaspora a. Minis la mete aksan sou :

  • Sant apèl 24/7 pou tout demann ak enfòmasyon
  • Sit entènèt ak rezo sosyal ofisyèl
  • Epi espesyalman “Natif Natal TV”, yon chanèl dedye pou dyaspora a kote yo ka jwenn enfòmasyon, poze kesyon epi suiv devlopman politik, sosyal ak administratif peyi a.

Minis la kwè nan yon dyaspora ki byen enfòmebyen konekte ak byen konsidere.

Yon ministè ki sèvi ak tèt frèt, men cho

Anba lidèchip Minis Kathia VERDIER, MHAVE ap pran plas li nan plan devlopman nasyonal la. Li angaje l pou mete dyaspora a nan sant refleksyon ak desizyon sou lavni peyi a : sekirite, refòm administratif, chanjman konstitisyonèl, ak patisipasyon nan eleksyon.

Avèk konviksyon, li suiv vizyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou yon gouvènman ki baze sou reddisyon de konttravay kole, epi eksperyans pataje ant Ayiti ak dyaspora li a.

Yon fanm de aksyon, yon minis ki pwouve

Minis Kathia VERDIER se pa sèlman yon reprezantan Leta — li se vwa, poto mitan ak avoka dyaspora a. Travay li deja montre angajman li pou chanje figi sèvis piblik yo, pou fè Leta vin pi pre Ayisyen ki sou tout kontinan yo.

MHAVE sou direksyon li, se yon ministè ki aji pou moun, ki respekte, ki tande, epi ki reponn. Yon ministè ki mete lespwa ak sèvis kote dezespwa te konn trone.

Leave a reply

Dènye Kòmantè

No comments to show.
Swiv nou
  • Facebook38.5K
  • X Network32.1K
  • Behance56.2K
  • Instagram18.9K

Rete Konekte ak tout dènye nouvèl cho nou yo!

I consent to receive newsletter via email. For further information, please review our Privacy Policy

PIBLISITE

Sidebar Search
DÈNYE SOTI YO
Loading

Signing-in 3 seconds...

Signing-up 3 seconds...