Apre li fin prezante yon bilan mazora li te konstate sou manda ansyen prezidan Jair Bolsonaro a, Lula angaje li pou rekonstwi peyi li epi rekonsilye frè ak sè li yo ki ap konnen yon move van divizyon.
“Mwen pral gouvène pou 215 milyon brezilyen, pa sèlman pou sila ki te vote pou mwen yo”, selon Luiz Inacio Lula da Silva.
A 77 lane sou tèt li, prezidan politik goch la anonse li pral goumen kont grangou. Pou li, grangou, se pi gwo krim ki gen nan mond lan. Ankò, li vle konbat tout fòm inegalite, yon fason pou tout sitwayen brezilyen rive gen menm valè.
Nan mitan seremoni an, politisyen an ak patizan li yo obsève yon minit silans nan memwa foutbolè brezilyen Edson Arantes do Nascimento (Pelé) ki te mouri jedi 29 desanm 2022 ak nan memwa pap katolik Joseph Aloisius Ratzinger (Benoît XVI) ki te mouri samdi 31 desanm 2022. Nan fen diskou Lula a, yon pati nan foul la tonbe kriye : “Lula, gèrye pèp brezilyen an !”
Nan kan anfas la, kandida malere, epi dezòmè ansyen prezidan Brésil la, Jair Bolsonaro, kite peyi a apre fen manda li a, li ale États-Unis. Sa vle di, Jair pa pase echap prezidansyèl la sou zèpòl Lula. Se yon gwoup sitwayen, pami yo, Raoni Metuktire, kasik epi defansè anblematik forè amazoni an, ki pase echap la nan kou Lula.
37 minis, pami yo, 11 fanm, gentan nome pou jere nouvo gouvènman an. Anplis, Lula siyen plizyè dekrè pou tounen sou kèk desizyon Jair te pran, tankou desizyon pou fasilite brezilyen gen zam. Anplis, Lula siyen dekrè pou ranfòse enstitisyon k ap jere anviwònman forè amazoni an.