Port-Salut, 23 Avril 2025 — Direktris Jeneral Fon Nasyonal Edikasyon an, Sterline Civil, sot mete fen nan yon seri vizit li te fè nan plizyè depatman nan Grand Sid peyi a kote li t al wè ak je l fason lekòl piblik yo ap fonksyone. Li di li fenk kòmanse travay pou mete lòd nan sistèm lan.
Nan vil Okay, li te pase pa Lekòl Nasyonal Dèyè Fò, ki sou chanti, Lycée Philippe Guerrier, Lycée Tèknik Cance, ak Lycée Hubert Feuilles nan Port-Salut. Nan chak lekòl sa yo, li te tande direktè yo, elèv yo, e li te konstate kondisyon difisil lekòl sa yo ap fonksyone ladan yo.
Direktris la te fè menm demach sa yo nan Nip, kote li te vizite Lekòl Nasyonal Savann Henry nan Desous, ak Lekòl Kominotè K-Tichon. Nan Miragwàn, li te tounen nan Lycée Jeunes Filles kote li menm li te ale lekòl — yon moman ki te chaje ak emosyon, kote manb kominote a te salye li pou tout chemen li fè.
Aprè tout sa li wè, Sterline Civil di li enkyè. “Gen twòp lekòl ki kraze, ki pa gen materyèl, ki pa gen estrikti pou resevwa elèv jan sa dwe fèt,” se sa li deklare. Li di li pral mete aksan sou rekonstriksyon lekòl sa yo epi mete plis transparans nan fason Fon an ap depanse lajan.
Li te klè sou vizyon li: “Chak goud FNE dwe sèvi pou bati avni timoun Ayiti. Nou dwe jere kòb sa ak bon sans, ak respè, epi pou edikasyon se premye priyorite nou.”