Apre demisyon Caroline Cayeux, se Dominique Faure ki ranplase li …

Apre demisyon Caroline Cayeux, se Dominique Faure ki ranplase li semaine sa kòm minis delege ki dwe jere kolektivite teritoryal yo. Ansyen jwèz tenis la pran pòs sila a 63 lane sou tèt li, e li deja pare pou al kontinye travay Caroline nan, apre li fin demisyone lendi 28 novanm 2022 a, pou pwoblèm nan deklarasyon patrimwàn li ak pou pwopo anti-LGBT li te pwononse depi lane 2012.

Dominique Faure te deja sekretè Leta k ap jere riralite yo, sou otorite minis tranzisyon ekolojik ak koyezyon tèritwa yo. Se yon dezyèm responsabilite li chwazi pran lè li dakò pou li ranplase Caroline Cayeux, e pòs sa tou sèvi li kòm yon pwomosyon, piske grad li monte. N ap note, Caroline te demisyone kòm minis enteryè lendi pase akoz pwopo li te pote an 2012 alòske Leta fransè t ap adopte lwa Tobira a ; lwa ki otorize maryaj ak adopsyon pou tout koup kote patnè yo gen menm sèks. Caroline te kalifye lwa sa kòm “yon kapris, ki pa matche ak lanati”.

Dominique Faure fèt nan Carcassonne (France), poutan li grandi nan peyi Maroc, epi li tounen an France pandan li te gen 17 lane. Paran li te rankontre nan yon lekòl nòmal nan Montpellier. Dominique te konn jwe tenis, dayè li te chanpyon tenis an France nan kategori timoun/kadè, li te 12èm nan kategori granmoun/sényò tou.

Dominique se enjényè, e li konn abitye travay nan kèk gran konpayi an France. Li se manm pati radikal la nan peyi li, epi li te majistra Saint-Orens-de-Gameville. Li eli kòm depite nan 10èm sikonskripsyon Haute-Garonne an 2022. Se 4 jiyè 2022 a li rantre nan gouvènman premye minis fransè a, Elisabeth Borne.

Leave a reply

Dènye Kòmantè

No comments to show.
Swiv nou
  • Facebook38.5K
  • X Network32.1K
  • Behance56.2K
  • Instagram18.9K

Rete Konekte ak tout dènye nouvèl cho nou yo!

I consent to receive newsletter via email. For further information, please review our Privacy Policy

PIBLISITE

Sidebar Search
DÈNYE SOTI YO
Loading

Signing-in 3 seconds...

Signing-up 3 seconds...