Meksik, 4 jen 2025 – Nan yon moman kote vyolans sou fanm ap ogmante nan tout rejyon an, Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm Ayiti a, Pedrica SAINT JEAN, te patisipe nan Dyalog Rejyonal sou Politik Piblik (RPD), ki te fèt Meksik 3 ak 4 jen 2025. Reyinyon de wo nivo sa a te dewoule sou tèm : « Vyolans sou fanm : pou yon apwòch global ak kowòdone », epi li te rasanble plizyè reprezantan gouvènman soti nan Amerik Latin ak Karayib la, tankou Beliz, Brezil, Jamayik ak Paragwe.
Objektif fowòm sa a se te ranfòse kolaborasyon ant gouvènman yo pou konbat vyolans sou fanm, atravè estrateji prevansyon, sistèm pwoteksyon efikas, epi mekanis repons entegre.
Pandan entèvansyon li, Minis Pedrica SAINT JEAN te prezante yon tablo san detou sou reyalite fanm ann Ayiti, ki ap viv nan yon kontèks ensekirite jeneralize, enstabilite politik, ak difikilte pou jwenn sèvis pwoteksyon.
« Ann Ayiti, vyolans sou fanm pran plizyè fòm : fizik, sikolojik, ekonomik ak seksyèl. Fanm ki ap viv nan sit deplase yo plis ekspoze. Li ijan pou nou ranfòse kowòdinasyon ant enstitisyon leta yo, òganizasyon sosyete sivil la ak patnè entènasyonal yo pou n ka reponn a sitiyasyon an avèk efikasite »,dapre sa Minis lan deklare.
Minis lan te pwofite okazyon sa a pou l lanse yon apèl pou mete sou pye rezo kowoperasyon rejyonal ki va fasilite pataj ekspètiz, resous, ak devlopman repons kolektif pou konbat ogmantasyon vyolans sou fanm.
Li felisite inisyativ lòt peyi yo ki mete an plas politik inovatè ak plurisektoryèl, pandan li mete aksan sou nesesite pou adapte modèl sa yo ak reyalite chak peyi, espesyalman Ayiti, kote fanm toujou ap fè fas ak gwo difikilte pou jwenn jistis, swen sante, ak sipò sikososyal.
Minis SAINT JEAN mete aksan sou nesesite pou pa separe kesyon vyolans sou fanm ak lòt domèn politik piblik yo.
« Lit kont vyolans sou fanm pa kapab rete sèlman nan men Ministè Kondisyon Fanm. Se tout sektè yo ki dwe angaje ladan l : lajistis, sekirite, edikasyon, sante, ak devlopman ekonomik. »
Pou fini, Minis lan lanse yon apèl solid bay tout kolèg li yo nan rejyon an pou mete tèt ansanm pou reponn a ijans sosyal sa a. Li renouvle angajman Ayiti pou kontinye travay ak aktè rejyonal ak entènasyonal yo pou konstwi yon espas latino-karayibeyen ki pi an sekirite, ki pi jis ak plis egal pou tout fanm.
Patisipasyon aktif sa a make yon etap enpòtan nan diplomasi feminis Ayiti epi li montre volonte Ministè Kondisyon Fanm lan pou l enskri aksyon li yo nan dinamik rejyonal solid, malgre defi peyi a ap fè fas yo.
Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MCFDF) kontinye mobilize pou devlope politik piblik ki mete fanm okè, e ki ka reponn ak tout fòm vyolans ki menase dwa ak diyite yo.