Gouvènman kanadyen an sanksyone kèk nan politisyen Ayisyen yo.

Gouvènman kanadyen an sanksyone politisyen ayisyen Rony Celestin, Hervé Fourcand ak Gary Bodeau. Seri sanksyon sa yo fè swit ak sipò ONU te pwomèt gouvènman ayisyen an nan goumen kont gang ak kont moun k ap finanse gang. Se jodi 19 novanm nan gouvènman kanadyen an deside jele byen politisyen yo daprè yon kominike minis zafè etranje a, Mélanie Joly ekri.

Desizyon sila makonnen ak rezolisyon konsèy sekirite Oganizasyon Nasyonzini (ONU) te adopte pou ede Haïti konbat gang ak moun k ap ankouraje gang. N ap raple, gen de (2) politisyen ki te gentan anba sanksyon deja, se prezidan ti rès sena a, Joseph Lambert ak ansyen prezidan chanm sena a, Youri Latortue. Tou de gentan pare pou al defann tèt yo devan fanm ak je bande ki reprezante lajistis la.

“Canada ap kontinye fè presyon sou gang yo ak sou patizan gang yo, nan sousi pou ede pèp ayisyen an soti nan kriz sa. Nou anvizaje enpoze nouvo sanksyon kont moun ak antite ayisyen, nou anvizaje lòt mezi tou, pou kwape vyolans k ap pèsiste an Haïti a”, selon Mélanie Joly, minis zafè etranje nan peyi Canada.

Apre 5 non politisyen ak yon non chèf gang, gouvènman kanadyen an anonse lis la pako fini. Pandanstan, se toujou anba kout bal malere ak malerèz ap pran chimen pou bouske moso pen pou tchovi yo, san yo pako konnen èske yo pral lekòl pou fen ane 2022 a.

Leave a reply

Dènye Kòmantè

No comments to show.
Swiv nou
  • Facebook38.5K
  • X Network32.1K
  • Behance56.2K
  • Instagram18.9K

Rete Konekte ak tout dènye nouvèl cho nou yo!

I consent to receive newsletter via email. For further information, please review our Privacy Policy

PIBLISITE

Sidebar Search
DÈNYE SOTI YO
Loading

Signing-in 3 seconds...

Signing-up 3 seconds...