18 novanm 1803, se dat gwo batay sa kote nèg esklav mete mèt blan deyò epi deklare yo lib e libè. Se dènye nan yon seri batay ki gen te yon sèl objektif, poutan ki pa t ko ka bout akoz plizyè rezon : taktik politik kolonizatè yo, divizyon pwennvi lidè kolonize yo. Nan dènye batay sa, rès lame franse a mete ak jeneral yo, Donatien Rochambeau, te blije rale bak epi kite plas la pou ansyen esklav yo mete ak jeneral yo, Jean Jacques Dessalines.

Toussaint Louverture, yon fen politisyen

Yon fen politisyen konnen kijan ak kilè pou li pwofite yon kriz pou li jwenn avantaj bab ak moustach. Toussaint Louverture te pwofite revolisyon fransè a pou grafouyen sistèm esklavaj la ; an 1974, li aboli lesklavaj sou tout tèritwa Saint-Domingue, sa vin fè tout jeneral ki t ap travay pou rezilta sa vin fè yon sèl ak li. Se la li pral jwe yon dezyèm zèl kat : itilize jeneral yo pou chase twoup anglè yo, yon desizyon ki bon ni pou li, e ki sanble yon prèv pou genyen konfyans franse yo ki te toujou gen twoup ame sou tèritwa a. Sa ki pral dejwe taktik politik li, se priz pouvwa Napoléon Bonaparte kòm premye konsil nan peyi France, an 1799, ki tou voye yon ekspedisyon retabli lòd kolonyal la nan Saint-Domingue ak nan Guadeloupe. Se la, jeneral ta ta pral pyeje, depeyize epi anprizone Toussaint Louverture.
Deklarasyon kouraj li te fè avan li pati a, se yon pwojeksyon pa rapò ak sa li te kite dèyè. « Nou lage m atè, se bwa libète nwa yo nou koupe, l ap pouse gras ak rasin li, yo anpil, yo nan fon ! ». E yo pa t manke pouse toupatou, paske zonbi ki goute sèl libète pa gen dwa mande rete.

Kò pou kò, tèt pou tèt

Toussaint ale, men li kite taktik politik li nan men Dessalines, ki te byen konprann sa, e ki te ralye ak blan fransè ankò, pou elimine kèk advèsè komen, epi li tounen kont yo apre, pou atenn prensipal objektif la. Zèl kat entrepidite a jwe an favè Dessalines, ki pa fè efò pou li debarase li de Emmanuel Leclerc ak anpil lòt blan franse ki mouri anba lafyèv jón, siman maladi sila te frape lame ak popilasyon esklav yo tou paske fè koupe fè vre, men gen towo pase towo.

Bal, boulèt kanno, epe ak kouto, se te prensipal zam nan gè sila. Pou yon bò kou pou lòt bò a, zam ki rele mèch la pa fouti mouye lapli, poutan se li de kan yo te genyen, sa vin oblije konba kò ak kò yo pran chè anba lapli, fizi, bayonèt, kout pwen e menm kout wòch ak yon ti piman anplis : raj pou abandone esklavaj, pou sispann taye zèb pou chwal galonnen.

Konba tèt pou tèt, se jwe nan tèt, mete ilizyon kanpe, atake san manyen. Yon wòl François Capois pa t neglije jwe aklè nan kè batay prensipal sa. Gade yon nonm k ap fè sa ou pa konprann, se plis pase resevwa de oubyeb twa kout pwen. Mistè ak ilizyon se de monkonpè ki ka fè nenpòt advèsè bat ba. Menm si ou pa wè, ou va tande, e ou va afekte.

Ki pi bon politik pase rantre nan kan ènmi an, konprann jan li ilize zam li, epi melanje metòd konba li ak pa ou, pou w fè li ratibwaze kite tè a epi sispann oprese frè ak sè ou ?

18 novanm 1803 pwouve nou te gen zansèt fò, ki te gen kapasite pou fè linite blayi epi genyen yon koz. Granmesi tèt ak kò fanm ak gason sila yo, nou se premye pèp nwa ki pran endepandans, anplis, nou pran li ak fòs, san sipliye opresè a. Yon egzanp lidè politik jodi a dwe aprann epi pratike.With the lead secure, the team assumed the victory formation, letting the clock run out as players and fans celebrated. The championship victory was the culmination of a season filled with hard work, discipline, and an unwavering commitment to success.

Leave a reply

Dènye Kòmantè

No comments to show.
Swiv nou
  • Facebook38.5K
  • X Network32.1K
  • Behance56.2K
  • Instagram18.9K

Rete Konekte ak tout dènye nouvèl cho nou yo!

I consent to receive newsletter via email. For further information, please review our Privacy Policy

PIBLISITE

Sidebar Search
DÈNYE SOTI YO
Loading

Signing-in 3 seconds...

Signing-up 3 seconds...