Sterline Civil mete kat sou tab la : “Mwen pa vin vòlè lajan lekòl timoun yo nan FNE”

Pòtoprens, 13 jen 2025 – Pandan akizasyon ap miltipliye sou tèt li, Direktè Jeneral Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE), Sterline Civil, leve vwa li pou mete klarifikasyon. Envite sou Radio Caraïbes jedi sa a, li rejte ak tout fòs akizasyon move jès ak detounman lajan, li di se yon kanpay malonèt moun fristre ap mennen paske yo pa jwenn sa yo te espere.

“Mwen pèdi alye paske mwen pa vin FNE pou vòlè lajan edikasyon pitit pèp la,” se pawòl fran Sterline Civil mete devan, ak figi ki pa t kache determinasyon li. Li eksplike se dosye sibvansyon ki pa t regilye ki lakòz anpil atak ap fèt sou li. Dosye sa yo pa jwenn validasyon dapre prensip transparans ak disiplin li mete sou pye depi premye jou li pran tèt enstitisyon an.

FNE te sou respiratè lè li pran tèt li

Sterline Civil bay detay sou eta finansye FNE lè li rive. “Lè mwen pran FNE, li te rete sèlman 8 milyon goud sou kont labank li yo, alòske enstitisyon an te gen plizyè milya goud dèt.” Se poutèt sa li di li pa konprann kijan moun ka fè kwè li ta gaspiye 2 milya goud nan mwens pase 100 jou. “Sa pa fè sans. Se pa sèlman sou mwen yap atake, men sou bon sans ak lojik tou,” li ajoute.

Atak yo soti bò kote moun ki pèdi avantaj yo

Dapre direktè a, pi gwo atak yo soti bò kote moun ki te konn itilize FNE kòm “yon bwat politik oswa klientelis.” Li klè sou sa : “Sa pa pral fèt ankò pandan m la. Mwen pap valide okenn dosye ki pa konfòm.”

Sosyete a pa sifi ase responsab nan jan li jere akizasyon

Sterline Civil eksprime enkyetid li sou fason pèp ayisyen fasil bay akizasyon grav san okenn prèv ni fondman. “Trò fasil pou sal non yon moun. Se yon danje pou moun, men tou pou enstitisyon nou yo,” li avèti, pandan l ap mande plis etik ak rigè nan sa k di nan espas piblik la.

Yon angajman ki pa chanje malgre difikilte yo

Malgre tout baryè yo, Sterline Civil di li toujou rete konsantre sou objektif li : sèvi timoun peyi a atravè yon bon sistèm edikasyon. “Tout sa m ap fè, se pou n ka bati yon lekòl piblik ki plis jis, ki pi aksesib, e ki bay pitit pèp la diyite pou aprann,” li deklare.

Nan yon peyi kote konfyans nan enstitisyon yo souvan fèb epi enterè pèsonèl konn pase anvan enterè kolektif, Sterline Civil mete klè sou wout li vle suiv : transparans, entegrite, epi sèvis piblik. Rès la, se tan ki va montre si angajman sa yo va sifi pou rale konfyans pèp la epi bay FNE estabilite li bezwen pou sèvi popilasyon an.

Leave a reply

Dènye Kòmantè

No comments to show.
Swiv nou
  • Facebook38.5K
  • X Network32.1K
  • Behance56.2K
  • Instagram18.9K

Rete Konekte ak tout dènye nouvèl cho nou yo!

I consent to receive newsletter via email. For further information, please review our Privacy Policy

PIBLISITE

Sidebar Search
DÈNYE SOTI YO
Loading

Signing-in 3 seconds...

Signing-up 3 seconds...