Pòtoprens, 5 me 2025 — Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) ogmante presyon sou gang ame yo nan divès rejyon. Dapre sa enstitisyon an fè konnen sou rezo sosyal li yo, plis pase 20 bandi ki fè pati rezo kriminèl “Viv Ansanm” tonbe anba bal nan komin Kenscoff pandan yon operasyon ki fèt dènyèman.
Gen pami viktim yo ki te manm ekip sekirite pèsonèl Chrisla Chéry, alyas “Krisla”, chèf gang ki baze nan Ti-Bois. Lapolis di lòt manm gang yo te blese pandan echanj tire ak otorite yo.
Nan komin Tabar, nan zòn Clercine, ajan CBIM ak UDMO (Ouest-2) elimine plizyè manm gang “Chyen mechan”. Lapolis di Lougans, dezyèm responsab gang lan, se youn nan bandi ki mouri pandan entèvansyon sa a.
Daprè PNH, plizyè lòt gangye te vin eseye bay ranfò bay kan yo. Pami yo, gen Chalè, chèf gang ki opere nan zòn “Tokyo”, ak Supò, ki soti Drouillard. Supò, dapre enfòmasyon yo, t ap prepare pou vin lidè nan Clercine, men li blese nan operasyon an.
Nan Mirebalè, sant peyi a, lapolis touye kèk manm gang epi sezi yon zam otomatik pandan yon operasyon ki fèt samdi pase a.
Tout aksyon sa yo, dapre PNH, rantre nan kad efò pou reprann kontwòl sou zòn gang ap mennen laterè. Lapolis fè konnen li detèmine pou mete fen nan rezo kriminèl yo epi retabli sekirite sou tout teritwa nasyonal la.
Anplis, dimanch 4 me 2025, lapolis fè frap ak dròn kamikaz sou baz “Gran Ravin”, kote chèf gang “Ti Lapli” ap opere. Daprè direktè RNDDH la, Pierre Espérance, prèske 20 bandi mouri epi plis pase 40 blese grav nan atak sa a.