« Nou konnen G20 ane sa t ap difisil. Men, nou kenbe yon sèl responsabilite : defann lapè epi evite mond lan divize. Se mesaj sa nou voye byen klè bay prezidan Vladimir Poutine », se sa nou rive li sou kont facebook prezidan fransè a jodi mèkredi 16 novanm 2022 a. Li prezante soutyen li bay pèp polonè a tou, ki sot gen plizyè moun ki viktim nan yon atak misil ki soti Russie, ki al echwe Pologne.
Tout pandan somè a, Emmanuel Macron t ap chèche sipò pou peyi Ukraine. Li te menm kontre ak prezidan Xi Jinping, ki fenk eli pou yon dezyèm fwa nan tèt pati kominis chinwa a, sa ki pa li dwa ak yon lòt manda nan tèt peyi Chine. « mwen lanse yon apèl pou respè ak entegrite teritwa ak pou souverènte peyi Ukraine. Enpak konfli sila depase fwontyè kontinan Europe. Gras ak yon kòdinasyon ant France ak de peyi ki an konfli yo, n ap konbat vye enpak sa yo », selon prezidan fransè a, toujou sou kont Facebook li.
N ap raple, prezidan fransè a kanpe kont lagè Ukraine-Russie a depi kèk tan. Li chita pale ak prezidan Russie a deja, li chita ak prezidan Ukraine nan tou. Youn nan dènye deklarasyon li te fè sou koze sa, se mande li te mande pou koze sa pa debouche sou yon twazyèm gè mondyal. Jodi a li kontinye ak zèv sa, pandan somè G20 an, li apwoche Xi Jinping, youn nan evantyèl alye Vladimir Poutine, pou li mande li ede vwazen an kraze yon « kite sa ».