Roberto Álvarez, ki se Ministre des affaires étrangères nan République Dominicaine di …

Roberto Álvarez, ki se Ministre des affaires étrangères nan République Dominicaine di gouvènman peyi li a ap konfòme li pou li ede Organisation des Nations-Unies (ONU) kenbe rezolisyon li pran sou kriz Haïti a. Rezolisyon sila chita prensipalman sou yon ansanm sanksyon kont gang yo epi kont moun k ap sipòte, finanse ak enplemante gang yo an Haiti. Li fè deklarasyon an menm jounen vandredi 21 oktòb 2022 a.

Se sou kont twitter minis la nou te rive wè reyaksyon li a, kote li apwouve desizyon ONU an.

“République Dominicaine bat bravo paske konsèy sekirite ONU an adopte gwo rezolisyon sa ki aplike kèk sanksyon kont sila k ap ede gang yo ak òganizasyon kriminèl yo an Haïti”.

Minis la di tou gouvènman li an ap fè tout sa li kapab pou ede rezolisyon sa respekte. Pou li, lè Haïti an sekirite, se pa sèlman pou Haïti sa bon, men sa bon pou République Dominicaine tou.

Men kèk pami sanksyon ki pran kont gang yo ak kont soila k ap ankouraje yo : anbago sou zam yo, entèdiksyon pou kikonk nan yo ta pati kite peyi a, epi sezi tout byen yo ta genyen. Se nan jounen vandredi 21 oktòb 2022 a tout manm konsèy sekirite Organisation des Nations-Unies (ONU) an vote rezolisyon sa, san okenn pa di yo pa dakò ak li.

Tout 15 manm yo vote premye pwopozisyon sa ki soti nan tèt reprezantan peyi États-Unis ak Mexique nan konsèy la. N ap raple, menm konsèy sa pral reyini ankò nan yon ti tan, pou vote sou posibilite ki ta genyen pou voye militè etranje an Haïti.

Leave a reply

Dènye Kòmantè

No comments to show.
Swiv nou
  • Facebook38.5K
  • X Network32.1K
  • Behance56.2K
  • Instagram18.9K

Rete Konekte ak tout dènye nouvèl cho nou yo!

I consent to receive newsletter via email. For further information, please review our Privacy Policy

PIBLISITE

Sidebar Search
DÈNYE SOTI YO
Loading

Signing-in 3 seconds...

Signing-up 3 seconds...